Responsab Mezon Henry Deschamps an bay detay , ayè vandredi 24 out la sou sibvansyon enstitisyon an siyen ak leta ayisyen pou ane akademik 2018- 2019 la.
Direktè jeneral la . Peter J. Frish presize yo siyen yon kontra ak leta pou 327 milyon 316 mil 532 goud.
Msye Frish anonse anviwon 1 milyon 328 liv eskolè ap disponib sou mache a nan mitan senmènn kap vini la a.
Li pral egzisjans lwa sou pasasyon mache komisyon nasyonal mache piblik la ( CNMP) egzije anpil transparans nan kontra sa yo.
Responsab Henry Deschamps pwomèt liv eskolè ki sibvansyone yo ap disponib nan (10) dis depatman peyi a.
Kervens Louis
Kervenslouis459@gmail.com
+509 44120020