AYITI PNH: DG PNH LA REYAJI SOU JOUNEN 17 OKTÒB 2018 LA.

Direkté jeneral polis nasyonal peyi Dayiti a Michael Gédeon reayaji yèswa ki te lendi 15 oktòb 2018 la sou jounen 17 oktòb 2018 la.

Dg PNH la raple misyon polis la se pwoteje ak sèvi tout vi ak tout byen, kit gen lajan kit pa gen lajan e kèlkanswa kote ou kanpe.

DG a anonse tout dispozisyon deja pran anndan polis la pou pwoteje tout byen, prive kou piblik ak vi tout moun pou jounen 17 oktòb 2018 e pou tout lòt jou kap vini yo.

« Polis la pa gen poul kanpe an fas pèsòn, tout moun gen dwa pou yo manifeste men san deranje pèsòn, depi yon moun antre nan fè deblozay nan kraze afè moun nan fè vyolans lapolis la pap kanpe bwa kwaze.  » sa se pawol dg PNH la sou jounen 17 oktob kap vini la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …