AYITI PWEN DE PRÈS: PREMYE MINIS LA JEAN HENRY CEANT BAY YON PWEN PRÈS E TOUCHE DOSYE PETWOKARIBE A.

Premye minis la bay yon pwen près jodi lendi 22 oktòb 2018 la kote li anonse divès aksyon deja poze pou prosè petwokaribe a fèt.

Jan sekretè deta kominikasyon an te anonse sa, Jean Henry Ceant adrese li a nasyon an nan yon pwen près maten an.

Premye minis la felisite moun ki te òganize mach 17 oktòb 2018 yo e felisite konpòtman polisye yo te genyen pandan tout manifestasyon an.

Premye minis la fè konnen plizyè dispozisyon deja pran pou pwosè a fèt, li fè konnen prezidan pwòpte anviwonman li kotel mete kanpe tout moun yap site non yo nan depanse lajan an, e li menm bò kote pal li deja kontakte tout ministè yo poul kapab gen kontwòl tout kontra yo.

Jean Henry Ceant anonse genyon komisyon ki ap gen espè etranje, moun petwochalenjè yo, sosyete sivil la ladann kap kreye pou etidye dosye yo ak kontra yo, pap gen moun gouvènman an ladann.

Premye minis la anonse yon lòt konferans ap gen pou fèt trè byento e lè sa lap ka reponn tout kesyon jounalis yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …