AYITI TANSYON: GWO DEBLOZAY AYÈ NAN ZÒN BELÈ

Plizyè moun blese anba kout boutèy, wòch ak bal ayè mèkredi 31 oktòb 2018 la nan zòn Belè pandan fineray sis (6) moun yo di ki te mouri nan manifestasyon 17 oktòb pase yo.

Gwo deblozay pete ayè nan zòn Bèlè pè ki tap chante antèman an te oblije kouri poul pat viktim anba katouch ki tap tire wòch boutèy ki tap voye nan tout direksyon, kawotchou tap boule nan divès kwen, moun ki te vin asiste ak fineray yo tap kouri nan tout sans, fanmi moun ki te mouri yo pat konn ki wout pou yo te fè ak mò yo, e genyen ki pat menm jwenn mò pa yo ki tap chache ki kote yo fè avèk yo.

Moun yo akize lapolis nan deblozay sila,  yo fè konnen la polis ta tire sou yo pandan yo tap asiste ak fineray la men okenn ladann yo pat ka bay rezon ki ta lakoz lapolis ta ouvè katouch ak gaz sou yo. Selon enfo yo ta menm genyon gwoup nan moun ki te nan mouvman Belè yo ki te desann al chache Anel nan vilaj de Dieu ki trouvel sou bisantnè pou ta vin ba yo ranfò pou goumen ak lapolis.

Mouvman sila te paralize yon bon pati nan zòn metropolitèn nan tankou ri Montalè, kafou aviyasyon, Dèlma 2, chanm mas poun site sila yo.

 

 

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …