AYITI KOMEMORASYON: PREZIDAN REPIBLIK LA DEPOZE YON JÈ FLÈ AYÈ NAN MUPANAH NAN MEMWA ZANSÈT YO.

Prezidan repiblik la Jovenel Moïse ki pat fè deplasman an pou ale vètyè pou dat 18 novanm 2018 la depoze yon jèb flè nan MUPANAH epi adresel ak nasyon an.

Pou selebre 215 lane batay vètyè a prezidan repiblik la Jovenel Moïse ak madanm li Martine Moïse, premye minis la Jean Henry Ceant ak plizyè otorite nan gouvènman an nan palman an nan pouvwa jidisyè a te ale nan MUPANAH e depoze yon jèb flè nan memwa zansèt yo ki te bay nanm yo san yo pou batay vètyè a nan lane 18 novanm 1803.

Tou swit apre, prezidan repiblik la te adresel ak nasyon an, prezidan an pwofite de jou istorik la pou lanse yon mesaj ak moun kap kreye divizyon yo e envite yo pran chemen dyalòg pou byennèt peyi a. Prezidan an  deklare:

« Lè batay la fini. Jodi a se lè pou nou mete tèt ansanm pou kase chenn soudevlopman, chenn blakawout, chenn lamizè ki fè anpil nan nou bliye sa nou ye. Se lè pou nou kowopere pou n bati yon Ayiti ki fè fyète zansèt nou yo. Yon Ayiti ki fè fyète nou, pitit nou ak pitit pitit nou ». —

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …