AYITI NETWAYAY GONAYIV: DELEGE DEPATMANTAL LATIBONIT LAN BAY EKSPLIKASYON SOU TRAVAY NETWAYAJ DREN AK KANAL YO.

Delege Depatmantal Latibonit lan Herby Dalencourt Fe konnen travay netwayaj dren ak kanal yo nan Gonayiv pa kanpe

Delege an, M. Herby Dalencourt deklare Travay netwayaj dren ak kanal irigasyon yo nan Gonayiv pa kanpe.

Daprè reprezantan ekzekitif la, gen demach kap antreprann bò kote otorite yo nan ba Latibonit pou jwenn materyèl adapte pou finalize travay yo.

Entèwoje l sou avansman chantye konstriksyon Twonson Wout Kafou Jòf/Pòdepè a, Delege fè konnen tout bagay ap vanse trè byen.

M. Dalencourt endike, anplis efò kap fèt pou finalize devyasyon Labrann nan, sou tèt mòn nan, gen asfalt ki pral poze sou 4 kilomèt, soti Rivyè Griz pou rive Mòn Lakrèt.

Herby Dalencourt renouvle angajman administrasyon Moise-Céant an pou kontinye travay nan enterè popilasyon an.

rolguydocteur@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …