AYITI/ENSEKIRITE/SENMAK:ENDIVIDI AK ZAM ATAKE KAY JIJ DIEUNEL LUMERAN

Vè 2zè nan maten 30 novanm nan Endividi yo pa rive idantifye tire anpil kout bal sou kay *Mr. Dieunel Lumerant.* ki se jij anketè sou dosye kagezon zam ilegal sou pò senmak

Mr Dieunel Lumeran kitap entèvni sou ond yon radyo ki retwouvel nan kapital la aprè zak sa te fin pase fè konnen endividi sa yo pase anviwon 5 a 10 minit ap tire sou rezidans prive li a , malgre sa yon branch cheve nan tèt li menm ak fanmil ki te retwouve yo nan espas la pa rive rache .

Toujou sou menm ond radyo sa *Mr* *Lumeran* fè konnen etanke jij enstriksyon ki gen anpil dosye sansib lap jere , zak sa li pa vrèman atribyel avèk yon dosye espesyèlman , se pandan li ale pi lwen poul di malgre tout menas , tout tantativ sa yo sa pa ka entimidel nan kad sèvis lap rann peyil

Mr Jacques Édouard kise jidepè titilè komin Senmak te pale konsa
« Aprè jij la te relem depi menm 2zè kise lè aksyon an pase a mwen te tou rive sou plas , kote lèm rive mwen wè nan chanm jij la gen plizyè enpak bal , e machin ki afekte nan sèvis jij la resevwa anviwon 4 a 5 katouch »
Jidepè titilè a ki fè konnen li deja adrese yon pwosèvèbal sikonstansye sou kòman endividi yo pa rive idantifye sa yo atake rezidans prive jij la

+50948139891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …