Daprè yon nòt ki sòti dirèkteman nan biwo kominikasyon prezidan an, Jovenel Moïse kite tè peyi dayiti ayè vandredi 30 novanm lan , pou ale patisipe nan divès evènman nan peyi *Meksik* , *Trinidad ak tobago* epi *kiba*
Prezidan repiblik la ki deja retwouvel jodi samdi a nan lakou peyi Meksik ap gen pou patisipe nan envestiti *Andrez Manuel Lopez Abrador* kise nouvo prezidan peyi si la
Jou lendi kap 3 desanm lan prezidan Jovenel Moïse ap gen pou twouvel nan peyi *Trinidad ak Tobago* kote lap gen pou patisipe nan yon gwo rankont kap gen plizyè chèf deta kap gouvène peyi ki nan karayib yo
Tou swit Aprè rankont sa nimewo 1 peyi dayiti a ap gen pou rann li nan peyi *Kiba* pou lal patisipe nan selebrasyon 20 tan koperasyon Ayisyano-Kibèn
Prezidan Jovenel Moïse ap retounen sou teritwa peyi dayiti a Madi kap 4 desanm nan
+50948130891
Sonlymoinius03@gmail.com