AYITI DYALÒG: KÒDONATÈ UNEH A MANDE POU GEN CHITA PALE ANT GOUVÈNMAN AK OPOZISYON AN.

Nan non sektè pwotestan an, pastè Ticyl Cédouard ki se kondonatè Inite nasyonal Legliz Ayisyèn yo (UNEH), mande sektè opozisyon an chita pale ak chef leta, Jovenel Moise, pou kapab retire peyi a nan enpas li twouve l depi yon bon bout tan.

Reveran an fè konnen rache manyòk ak kraze brize a pa janm pote anyen serye pou mas defavorize a ki toujou ap viv nan kras.

M. Cédouard sezi okazyon pou mande lokatè Palè nasyonal la onore angajman li te pran devan nasyon an.

Sou Bo pal , Pòt pawol UNEH a, Pastè Lemoine Jean ankouraje administrasyon Moise-Céant an dekonsantre pwogram apèzman sosyal li mete sou pye nan kapital la.

Selon li, tout komin yo nan Peyi a gen moun kap viv nan mizè menmjan ak sitwayen ki nan zòn metwopolitèn nan.

Rolguy Docteur

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …