AYITI JISTIS: PWOSÈ CLIFFORD BRANDT LAN AP KONTINYE 11 DESANM KAP VIN LA

Aprè 2 jounen kote pwosè Clifford Brandt lan tap dewoule nan vil gonayiv,finalman pwosè a ap kontinye pou Madi 11 Desanm kap vini la daprè chèf pakè Gonayiv la Me Sérard Gasius kifè konnen se akoz te gen plizyè lis temwen ki tap sikile pandan odyans lan,e tribinal la egzije pou non temwen yo nan yon sèl lis daprè sal fè konnen.

Komisè gouvènnman pilwen deklare yap re asinye temwen yo Pou kapab prezante nan tribinal la pou jounen Madi kap vini la piske yonn nan yo pat prezante nan odyans lan ni nonplis viktim yo kise Fanmi moscosso e menm avoka yo tou pat prezante.

Pou konnya tribinal la obsève yon sispansyon odyans e yap kontinye sou 8 jou jan tribinal la deside sa.

Clifford Brandt nap raple gen nonl site kòm moun kita enplike Nan Zak kidnaping kite fèt Nan lane 2012 pase a Nan kapital peyi a Sou 2 jèn moscosso yo,e gras a vijilans lapolis yote libere jèn sayo kitapral kondwi a arestasyon mr Brandt ak divès lòt konpayèl liyo,malgre lajistis te deja kondanel,men kou kasasyon tapral kase jijman sa,ese jiridiksyon gonayiv kite chwazi Pou òganize jijman sila,kote anpil sektè ap swiv de prè sou desizyon kipral gen poupran nan kad pwosè sila.

rolguydocteur@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …