AYITI/FATRA/ *KOWALISYON POU VIL PWÒP* SE NON NOUVO ESTRIKTI PLIZYÈ ANTITE NAN SOSYE SIVIL LA LANSE POU FRENEN VITÈS FATRA KI NAN KAPITAL LA PASISPANN TAYE BANDA

Jude Edouard Pierre kise prezidan federasyon nasyonal majistra ayisyen yo , sou bò pal Inisyativ sosyete sivil la , ak fondasyon Odette Roi Fonbrun , pami yo lòt , ayè jedi 6 desanm lan , nan meri dèlma antann mete sou pye yon estrikti ki pote non  » kowalisyon pou vil pwòp »

«  »Kolekte dechè yo, epi resikle yo » » se prensipal objektik kowalisyon pou vil pwòp yon pwojè ki daprè prezidan federasyon majistra ayisyen yo ki kapab genyon gwo retonbe ekonomik

Toujou selon inisyatè pwojè sila *matyè plastik yo pral itilize nan fabrikasyon poubèl, dechè òganik yo pral transfòme an angrè, katon ak papye pral transfòme an brikè pou ranolase chabon bwa*
Inisyatè pwojè a mande Diresyon jeneral enpo (DGI) kontribye sou bò pal pou reyisit pwojè sila pandan yap kontinye ankouraje sitwayen yo peye enpo lokatik yo

Marie Claudette Bayard ki se reprezantant fondasyon
Odette Roi Fonbrun mande pou sansibilise tout popilasyon an pou kenbe vil la pwòp depi sou timoun lekol yo pou konprann nesesite la pwòpte sinon pwoblèm fatra a pap janm a rezoud

sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …