AYITI/JISTIS/ CLIFFORD BRANDT KONFIME TOUT BON VRE LI TE GEN MEN TRENPE NAN ZAK KIDNAPIN KITE FÈT SOU FANMI MOSCOSSO YO

Clifford Brandt,ki yon lòt fwa parèt davan jij nan kad dosye kidnaping sila kote li pase deja 6 lane ap plede pou fè kwè li inonsan ayè vandredi 14 desanm 2018 la Clifford Brandt tounen sou desizyon li pou fè konnen se li ki te pase lòd pou kidnape Nicolas ak Coalie jou kite 16 oktòb lane 2012

Brandt fè konnen se vre se li te bay lòd e mete an dispozisyon tout materyèl tankou( zam, machin, lajan) ki pou te fasilite zak sila men li pat fèl nan entansyon pou touye Nicolas ak Coalie ni li pat fèl ak entansyon pou mande ak fanmi viktim yo lajan se pito yon leson li te bay fanmi sila oswa vanje kont fanmi Moscosso aprè yon kontra Machin li ta pral pèdi kote se Fanmi Moscosso ki ta pral rejwenn kontra sila

konplis la ki ale pi lwen pou fè konnen
sak rive a fèl mal ,e li menm tou pwofite okazyon an pou mande fanmi Moscosso padon pou zak sila

Jij Denis Pierre k ap dirije pwosè a fikse yon lòt odyans pou 8 janvye 2019 pou konnen ki desizyon tribinal la pral pran nan kad dosye sa.

+ 50948130891

Sonlymoinius03@yahoo.fr

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …