AYITI TOURIS: YON ETID SOU REPARASYON FÒ YO NAN DEPATMAN SID LA LANSE.

Minis touris la Madam Christine Stephenson lanse jodi vandredi 14 desanm nan nan senlwi disid etid sou reparasyon fò yo nan depatman sid la.

Se an prezans senatè sid Hervé Fourcand , majistra aken ak plizyè lot kad nan ministè a ke seremoni sila a te oganize.
Pwojè sa a ke responsab yo pat an mezi pou di jounalis konbyenl ap koute leta ayisyen ap dire sis(6) mwa. Se fò olivye ki nan senlwi disid, fò lèzanglè ak plizyè lot plaj ki nan gran sid la kap genyen pou repare nan kad pwogram sila a.
Minis touris la kite pran la pawòl nan sikonstans la fè konnen ke pwojè sa yo antre nan kad vizyon prezidan ak gouvènman an pou mete an valè sit touristik ak kôt kinan peyi yo.

Nap fè remake ke abitan nan vil senlwi byen akeyi pwojè a, sepandan yo mande ak otorite yo nan peyi a vin konstwi latrin pou moun nan lokalite yo paske anpil nan yo se nan fò a yo konn fè bezwen yo.

Gédéon DELVA, aken.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …