AYITI NETWAYAJ: KATYE PAM PI BÈL LANSE NAN VIL AKEN.

« KATYE PAM PI BÈL  » se non yon operasyon netwayaj ke lameri aken lanse pou peryòd fèt la nan vil aken.

2e manm katèl konsèy minisipal la madam Josette Mompérousse kitap pale ak Echo jounal fè konnen ke lameri lanse operasyon sa nan lide pou pèmèt ak akinwa , akinwaz yo pase yon bèl fèt nwel. Travay yo ap komanse jodi lendi 17 desanm 2018 la pou fini 21 nan menm mwa a.
Operasyon sila a kap koute minipalite a anviwon 125 mil goud ap pèmèt ak plis pase san(100) jèn fanm ak jèn gason mete tikòb nan poch pandan peryod fet la selon sal di.
Yon lot bò, majistra a ankouraje popilasyon an pou yo peye taks , patant ak enpo lokatif pou konsèy la kajwenn mwayen poul travay.
« Se kontribisyon nou chak grenn sitwayen kap pemet lameri jwenn lajan poul kapab bay sèvis » , pawòl Mme Josette. Li egzòte popilasyon an pou yo pa tann se lameri oubyen DGI kipou vin mande yo pou yo peye, yo dwe fè sa, se yon devvwa sitwayen.

Nan fè remake ,se yon tradisyon nan peyi dayiti chak fen ane , chak fèt nwèl sitwayen yo ak lameri toujou fè gwo netwayaj nan vil y, menm si aprè fèt la se yon lè konsa nou wè machin lameri nan katye yo. W ta di sevis vwari pa egziste nan komin yo.

Gédéon DELVA, Aken.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …