AYITI ENSEKIRITE: JOUNEN NWA JODI A POU MOUN KAP VIV NAN ZÒN RI SEN MATEN.

Moun kap viv nan zòn Ri Sen maten konnen yon move moman pandan jounen jedi 20 desanm 2018 la kote nèg ak zam anvayi zòn sila antre kay moun yo kraze brize fouye e pote ale tout sa ki enpòtan menm ti bebe pat epanye anba zak sila.

Selon enfo nou rive jwenn bandi sa yo ki atake moun kap viv nan zòn Ri Sen Maten  ta soti nan zòn la salin men pèsòn moun pat an mezi pou bay pou ki rezon atak sa, bandi  yo ale ak plizyè timoun selon sa moun yo ki te kouri kite zòn nan e al pran refi sou lapè plas ki trouvel nan zòn Delmas de (2).

Moun sa yo mande otorite yo tanpri pote yo sekou ak bandi sa yo pou yo kapab retounen lakay yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …