YON GWO DEFI AP TANN REPIBLIK DOMINIKÈN POU ANE 2019 LA NAN MOND LAN

Repiblik Domikèn kòmanse ane 2019 la ak yon nouvèl k’ap fè plezi a chak grenn dominiken, se pou premye fwa nan istwa pèp dominiken Danilo MEDINA ap dirije a rive syeje konsèy sekirite ONU an kòm manb  premye janvye 2019 la pou yon manda yon lane apre peyi Bolivi te okipe plas sila nan ane ki sot pase a kounya se peyi se repiblik Dominikèn ki pral dirije konsèy sekirite ONU an.

Pou raple se 8 jwen ane 2018 la asanble jeneral la avèk yon vòt peyi nan karayib yo te benefisye nan men 184 eta manb sou 193 eta manb an total de òganizasyon mondyal kote peyi repiblik Dominikèn rive jwenn plas li pou reprezante youn nan syèj pou Amérique latine avèk karayib la ,

Repiblik Dominikèn jwenn plas sila se pou fè pwomosyon pou defann dwa moun pou lapè, sekirite devlopman pèp yo .

Pou rapèl gen 4 lòt peyi ki entegre konsèy sekirite ONU an, 4 peyi sa yo se: Almay , Bèljik , Afrik disid ak peyi endonezi .

Konsèy sekirite l’ONU an genyen 15 peyi ladanl 10 peyi kila pou yon dire ki ka ranplase ak 5 lòt peyi ki la pèmanan, 5 peyi sa yo se: Etazini , Risi , Chin , Frans ak wayòm-ini se yo ki gen dwa veto.

Aprè Repiblik Dominikèn te pran desizyon poul pa mache ak kesyon imigran yo, nan « arrêt TC 168-13 ki di anpil domiken desandan ayisyen pa gen patri se yon gwo defi pou peyi a nan zafè « droit de l’homme. » apre yo fin syeje konsèy sekirite l’ONU an.

 

Jemsley JOSEPH E
Tel: 48276981

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …