Komite solidarite ak Radyo tele Kiskeya rankontre ak laprès vendredi 4 janvye 2019 la nan lokal kote Radyo a te ye a , nan lide pou kontinye enfòme piblik la sou prensipal objektif komite a ki pa lòt *ranmase mwayen* nan moun ki gen volonte ,pou pèmèt estasyon Radyo ak Tele a retounen kanpe aprè gwo dife ki te ravaje lokal la 21 desanm 2018

Komite si la ki montre kòman yo manifeste volonte pou pèmèt Radyo ak tele Kiskeya Retounen pi rapid nan nan domèn odyovizyèl la lan pwofite ankouraje tout sitwayen ak tout enstitisyon pote kontribisyon yo sou 2 nimewo kont sa yo:

1- kont goud: 250 1021 158 44 355

2- kont dola ameriken: 250 10 22 158 44 363

NB: entèrese yo ka bay chak sou non
*solidarité Kiskeya*

Kominite a ki anonse nan jou ki pral vini la, yon nimewo pou fè depo sou kont <<Mon cash>> komite a pral disponib.

Ansyèn minis kilti ak kominikasyon an Magalie Comeau Denis ki se youn nan manm komite a anonse yap kenbe piblik la enfòme konsènan kèk *kès popilè* kote sitwayen yo ap ka kotize, e Magalie kontinye pou fè konnen yo deja antre an kontak avèk kèk responsab konpayi transfè Tankou: Western Union ak Money Gram nan lide pou pèmèt ak moun kap viv nan peyi etranje pote kontribisyon yo.

Radyo Kiskeya kite fonde 25 me 1994 ,
25 me 2019 kap vini la pral fè radyo a 25 lane depi lap sèvi oditwa li ki toupatou sou latè.

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …