AYITI/AKSIDAN: 31 MOUN MOURI NAN 61 AKSIDAN KI FÈT NAN PERYÒD FEN ANE 2018

Daprè yon rapò « Stop accidents » fè sòti sou kantite aksidan ki rive fèt sou wout yo nan peryòd festivite fen lane 2018 la , yo rive jwenn 31 moun ki pèdi lavi yo sou yon total 61 aksidan anrejistre sòti 21 desanm 2018 pou rive 06 janvye 2019

Toujou selon « Stop Accidents » genyen 226 moun ki rive viktim nan aksidan sa yo ladan yo 195 moun ki blese , e 31 moun mouri nan yo 19 sou plas ,e 12 lopital pami yo 7 timoun.

Nan kad aksidan sa yo genyen 92% nan moun ki mouri yo ki gen pou pi piti 50 lane e pi pi plis nan aksidan yo fèt nan zòn metwopolitèn lan prensipalman sou wout nasyonal 1 ak 2.

<<Se yon sitiyasyon ki bay tèt chaje , gen pou pi piti yon aksidan ki fèt chak jou>> deklare direktè « Stop Accidents » an doktè Garnel Michel.

« STOP ACCIDENTS » se yon òganizasyon ayisyèn ki gen zye fikse sou domèn ensekirite woutyè.

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …