AYITI/OPERASYON: LAPOLIS NASYONAL JWENN 3 KADAV NAN ZÒN SAVÁN PISTACH

Nan lanjelis dimanch 06 janvye 2019 la Komisarya pòtoprens ,ak divès kò espasyalize BLTS , UDMO ak lòt , akonpanye ak jij depè seksyon lès la Jean Frantz Ducasse mennen yon operasyon nan lokalite Savann Pistach ki nan 2yèm sikonskripsyon pòtoprens lan nan lide pou te rive mete anba kòd chèf gang Tije lapolis ap chèche depi kèk tan.

Operasyon sa pèmèt chèf lòd yo rive dekouvri 3 kadav nan yon tou, pami yo 2 jèn fi ak yon jèn gason.

Toujou nan menm kad operasyon si la lapolis rive mete men sou 3 endividi ,kote youn nan yo idantifye kòm bra dwat « chèf Gang Tije » e chèf lòd yo rive jwenn kèk vètman tankou pantalon ak Chemiz kamonflay ,ak yon grenad epi 3 machin prezime chèf gang yo te pran ak gwo ponyèt .

Pòt pawòl an aprè polis nasyonal la Garry Derosier ki fè konnen lapolis ak inite espesyalize yo ap kontinye ankete nan lide pou rive jwenn *Chèf Gang Tije » ki pa sispann simen latwoublay nan Zòn Savann Pistach.

Pòt pawòl la mande popilasyon an kontinye kolabore ak lapolis toujou nan lide rive jwenn kote Chèf gang ki konnen sou Tije a kache.

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …