AYITI/MIZIK: *VALEM SA* YON NOUVO ALBÒM POU WÒLF14 L’IMPRESIONNANT

Wòlf14 yon jèn atis ayisyen ki fèt pòtoprens prensipalman (kanapevè) k’ap evolye nan milye rap kreyòl ayisyen an , nan mizik angaje sòti premye albòm li dimanch 06 janvye 2019 la nan « Kaya Pipo » yon club ki nan zòn kote li te grandi (kanapevè).

Li te fè 2zè nan laprè midi devan plizyè fanatik, zanmi ak fanmi ki te deplase pou sipòte travay atis la , ECHOJOUNAL ki te prezan nan moman an te pwofite pale ak Atis la nan lide pou te jwenn plis detay sou albòm lan epi jwenn lòt aktivite Atis la ap gen pou tanmen l’AP an favè moun k’ap swiv li yo.

Nan kad entèvyou a atis Wolf14 fè konnen se yon kontantman pou li pou jou sa nan karyèl, malgre se pa yon bagay fasil pou jèn ki chwazi milye sa pou yo evolye ,men se pa yon rezon pou y’abandone paske vann kilti peyi a se yon fyète pou li sitou nan mesaj l’ap pote nan mizik li yo a tout kouch nan sosyete a, li mande sipò tout moun pou travay la fèt pi byen, li mande fanatik yo achte albòm nan ki pa chè 250goud sèlman pou travay la kontinye anplis tou mete mesaj li pote nan mizik yo an pratik.

Yon albòm ki gen pou tit « VALEM SA » nan sans VALE daprè jan jewografi a defini’l ak ALEM SA, yon tit ki vini pa « J’ose » youn nan moun ki nan estaf Wolf14 , albòm lan ki genyen 19 moso avèk plizyè lòt atis ki pote touch yo pou albòm nan rive posib tankou BIC ak anpil lòt ankò, yon albòm ki gen anpil mizik angaje sitou pou jenès nou an chak jou pi plis ki pa vle pran responsablite yo ak otorite peyi a ki pa vle travay pou vrè chanjman selon sa Atis Wolf 14 fè konnen.

Manadjè atis lan ki se Jean-Louis BODSKY (Kyky VIP) yon teknisyen bò kote pal di se volonte ak detèminasyon li wè lakay atis la ak talan li posede ki pousel vin manadjè wolf14 menm si yo leve ansanm se vre yon lòt bò li di l’ap toujou la pou jèn talan sa depi li toujou gen lavi, li mande tou menm jan l’ap sipòte Wolf14 san dekouraje pou popilasyon an spesyalman jenès lan ale nan menm sans lan.

Nan la sware plizyè atis ak kèk Dj te pèfòme pou sipòte atis la tankou: Nèg 5 Etwal, BIC, Spa, Camelot, FMI, Dj Murda.

Spa ki se « sektè powèt angaje » te ofri yon bèl pèfòmans seriz sou gato pou sware a se yon gran atis nan sektè a BIC kite ofri piblik lan yon gran espektak san bliye Camelo yon atis ki te fè anpil plezi a piblik la se te yon satisfaksyon ni pou piblik lan ni pou ekip Wolf14 pou gran jou sa nan karyèl, deja yon gran siksè pou VALEM SA k’ap kontinye fè chemenl.

Nimewo pou kontakte atis la si yon moun swete gen albòm nan oubyen sipòte li nan lòt sans se:

+5094014-720
+5094738-8680
+50937647412

Wolf14 remèsye estaf Echojounal la espesyalman pou travay Medya sa ap fè nan sosyete a ,e atis la voye yon gwo kout chapo bay tout fanmi, zanmi, fanatik ki toujou prezan pou li, yon lòt bò li mande pou tout jèn mete Bondye, disiplin, lanmou, respè volonte nan tout sa y’ap fè e pou yo pa neglije al lekòl pou kou yon meyè sosyete.

 

 

Tel: 4627-6981

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

QUAVO BRISE LE SILENCE APRÈS LA MORT AU DÉCOLLAGE : “JE NE TE QUITTERAI JAMAIS”

Pour la première fois depuis la mort du rappeur Takeoff, Quavo s’est adressé publiquement à …