AYITI ENSEKIRITE: LANMÒ POLISYE TI GRÈG PARALIZE YON BON PATI NAN ZÒN KAFOUFÈY AK ZÒN KI TOU PRE YO E FÈ ANPIL TOLE.

Gregory Antoine ke tout moun konnen sou non Ti Grèg mouri anba bal mèkredi swa ki te 9 janvye 2019 la nan zòn Savann Pistach pandan li te dèyè yon moto, chofè moto a rive sove de jistès selon enfo yo.

Yon lanmò ki ta pral paralize yon bon pati nan Kafoufèy ak prèske tout zòn ki tou pre yo kote patizan Ti Grèg yo ta pral bloke wout boule kawotchou nan divès kwen e tire anpil katouch pou moutre jan yo fache.

Ayè jedi 10 janvye 2019 la Tiken ak Nason de (2) jèn gason ki akize kòm antèn chèf bandi Tije ki akize kòm moun ki touye Tigrèg tonbe anba bal patizan Tigrèg yo, yon sityasyon ki mete popilasyon ki abite nan zòn sa yo ap viv gwo kè sote anpil kouri kite kay yo e al pran souf lòt kote.

Depite Lochard ke kèk moun ta fè konnen se li ki ta bay lajan ak zam ak gwoup bandi Tije yo pou elimine TiGrèg pat pran tan pou defann tèt li, selon depite a akizasyon sa yo se politik pou sal nonl paske pral gen eleksyon li deklare se sou bannann mi yo voye wòch, li pa konn Tije el pa janm rankontrel.

Patizan ak fanmi Tigrèg yo ki pa rive jwenn kò a mande ak moun ki touyel yo pou ba yo kò a men selon enfo yo moun ki touyel pa ta deside remèt li.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …