????????????????????????????????????

AYITI BILAN: YON BILAN MÈG POU SENATÈ J LAMBERT NAN TÈT SENA REPIBLIK.

Senatè Joseph Lambert prezante lendi 14 janvye 2019 bilanl bay ansanble nasyonal la depi lèl nan tèt sena a.

Nan yon diskou ki pat twò long ak yon vizaj ten , Prezidan sena a Joseph Lambert rekonèt kel pa realize twòp bagay pandan mandal la nan tèt buro gran kò a. Men li rekonèt kel fè kèk bagy ki gen kalite. Li te pran egzanp ankèt sou PETROKARIBE a ke asanble a avèk anpil pridans, te pran rezolisyon pou voyel bay lakou siperyè dèkont pou yo kapab aprofondil. Selon senatè sidès la dosye sila a ap mache byen.  » dosye Petrokaribe sou yon bon chemen » , pawòl animal politik la.

Pilwen, J. Lambert, fas ak pakèt pwoblèm kap wonje peyi a, kwè ane 2019 dwe yon ane dyalòg. Li mande ak tout aktè pou mete de kote tout ti enterè pèsonel pou vrè dyalòg la ka komanse tout bon.

Nap raple Joseph Lambert te Ranplase nan tèt asanble nasyonal la senatè Latibonit Youry Latortue. Aktyèl Prezidan gran kò a anonse kel pap kandida poul retounen nan fonksyon sa ankò men li metel disponib poul ede moun kap vini aprè l yo.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …