CHILI KRIM: YON AYISYEN TOUYE YON TIMOUN YON LANE NAN PEYI CHILI.

Yon ayisyen kite antre nan peyi Chili nan lane 2017 touye yon neve’l ki gen yon lane ak 4 mwa nan komin Lo Padro , yon asasina ki bay vwazinaj k’ap viv nan komin sa anpil kè kase.

Daprè enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon ECHOJOUNAL la , avan jèn gason sa ta pral asasine timoun yon lane ak kèlke mwa sa , viktim lan te nan men yon zanmi manman’l aprè tonton timoun nan te vin pran’l pou mennen’l lakay li , deklarasyon kifèt pa soukomisarya komin nan kote Lilian Arancio VILLALOBOS ap dirije.

Manman timoun nan ta pral dekouvri kò a anvlope nan yon dra bò yon matla aprè yon diskisyon ant li menm avèk koupab la.

Jèn gason sa jwenn arestasyon’l lakay li ,e daprè enfòmasyon abitan kap viv nan zòn karabinye nan peyi Chili aprè kèlke èdtan fanmi viktim nan te depoze yon plent kont li kont koupab la san yon reprezante pèsonèl nan peyi Chili.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …