SENDIKA MEDYA YO (SEME) KONDANE FASON GAMALL AUGUSTIN TE VANN IMAJ PEYI A NAN YON ENTÈVYOU PANDAN PASAJ LI NAN PEYI GIYÀN

Gamall AUGUSTIN pase lonè peyi dayiti anba pye selon temwanaj anpil moun nan sosyete a pou jan li te deside vann imaj peyi a pou li menm k’ap mache avèk anpil pa nan anpil reyalizasyon ak nan fè dwa moun respekte daprè demokrasi nan entèvyou li bay nan yon chèn televizyon nan peyi Giyàn

SEME ki se sendika medya pran anpil wont apre entèvyou malonèt Gamall AUGUSTIN te bay a prezantatris nan yon chèn televizyon Giyàn pou jan responsab TNH la t’ap bay bèl koulè sou peyi dayiti.

Imaj sa selon anpil moun lakoz anpil kritik de Gamall AUGUSTIN etanke yon patwon medya nan fason li reponn kesyon jounalis la jis pou fè yon gwoup moun plezi nan di sak pa laverite selon yon nòt ki siyen pa direksyon (SEME)

josephjemsley@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …