AYITI DWÀN: LAPOLIS FÈ YON GWO KOUT FILÈ SOU FWONTYÈ A.

Polisye ki sou frontyè peyi dayiti arete, samdi swa, 3 dominiken ak 6 ayisyen poutèt yo tap antre ak machandiz ilegalman nan peyi a.

Se direktè jeneral ladwàn nan Romell Bell kifè anons lan.

Mesye Bell fè konnen se nan kad lit yap mennen pou kwape kontrebann sou fwontyè ke yo arive fè arestasyon yo ak sezi 3 kamyon machandiz kitap soti nan peyi sendomeng.

Pou kounya otorite yo nan ladwàn ak lajistis ayisyèn ap chache konnen pou kiyes machandiz sa yo ye.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …