Prezidan venezyela a Nicolas Maduro anonse jodi mekredi an dezakò li menm ak peyi lèzetazini nan sa ki a wè ak zafè diplomasi. Apre prezidan peyi lèzetazini fin rekonèt Juan Guaiado kòm prezidan eterim peyi venezyela.
« Mete’n Deyò,soti nan peyi venezyela iso a se diyite ki genyen>>.se deklarasyon Nicolas Maduro, ki bay diplomat nò ameriken yo 72èd tan pou yo kite peyi a.

Apre Donald Trump fin anonse li rekonet Lidè opozisyon peyi venezyela a Juan Guaiado,prezidan palman venezyelyen an kòm<< prezidan enterim>> peyi venezyela a, touswit apre , li ta pwal otopwoklame devan dizèn milye patizan nan kapital peyi a Caracas.

JUAN GUAIADO, jèn depite 35 lane, rive nan yon ti kras tan figi anblematik opozisyon bolivaryèn nan, kote li ta pwal rive mete latwoublay kay chef leta e pouvwa anplas la ki an febles e sanble deja divize.

<<Jodia nou rekonèt ofisyèlman prezidan asanble nasyonal la Juan Guaiado kom prezidan enterimè peyi venezyela>>,fè konnen M.Trump nan yon kominike difize nan moman kote plis pase yon dizèn milye opozan nan vil Caracas tap rele bare dèyè chef leta ki te deja deklare ilejitim pa plizyè lot peyi nan somè OEA a.

 

ECHOJOUNAL
@valfednickson
valfednickson@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …