AYITI/KILTI: YON KONKOU MIS LANSE NAN VIL OKAY POU ANKADRE AK VALORIZE JÈN FI NAN DEPATMAN SID PEYI A

Abitan k’ap viv nan lokalite Dexia 4 yon zòn nan vil okay mete tèt yo ansanm pou fòme yon komite an kolaborasyon ak Groupe Transcende Production pou lanse yon konkou mis nan objektif valorizasyon ak ankadreman jèn fi k’ap viv nan depatman sid peyi a ak lòt zòn ki swete patisipe nan konkou a.

Konkou sa ki pote non <<Miss Chocolat>> ap gen pou lanse jou k’ap 2 fevriye 2019 la pou rive 14 fevriye ki se jou moun fete senvalanten nan lekòl nasyonal Charles Lassègue ak nan radyo monopole nan vil okay.

Kodonatè aktivite a Hollandy DESROSIERS
ak konseye a Diteliot CHERY di loreyat konkou a ap genyen kòm prim lajan telefòn epi yon elatriye lòt kado dofin nan bò kote pal ap resevwa li menm lajan ak kado

Pou premye edisyon <<Miss Chocolat>> oganizatè yo ak jèn fi k’ap reyalize aktivite kiltirèl sa konte sou patisipasyon chak grenn moun spesyalman pitit okay pou rive rann li posib pou pèmèt jèn fi yo devlope talan yo ak konesans yo pou evite yo tonbe nan move sitiyasyon paske yo se avni peyi dayiti.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …