AYITI DON: ANBASADÈ PEYI TAYWAN NAN PEYI DAYITI REMÈT 6 100 TONNES DIRI BAY FOOD FOR THE POOR POU KONBAT GRANGOU NAN PEYI DAYITI

Pou temwanye zanmitay peyi Taywan genyen ak peyi Dayiti anbasadè tawain nan ki sou tèritwa peyi dayiti a remèt yon don 6 100 tòn diri pou ede moun ki pi pòv yo tankou prizonye moun ki malad ak lekòl yo.

Pou soutni pwogram sosyal leta ayisyen nan bay lamanjay ap resevwa 500 tonne diri pou bay plizyè pla cho nan plizyè depatman

Monsenyè Ogé BEAUVOIR pa kache kontantmanl pou gwo solidarite sa pèp Taywan ofri peyi Dayiti kote grangou ap ogmante pi plis akoz pa gen pwodiksyon nasyonal pou reponn a bezwen popilasyon an k’ap ogmante pi plis koz jèn fi ak jèn gason ki pa sispann fè timoun.

Minis afè sosyal ak travay peyi Dayiti madam Marie Elise Brisson GELIN pwofite okazyon sa pou remèsye epi felisite pèp Taywan nan pou zanmitay yo pataje avè pèp ayisyen an.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …