AYITI/KILTI: ATIS AYISYÈN FATIMA NOME ANBASADRIS KONPAYI NISSAN NAN PEYI DAYITI.

Gras a gwo jefò atis ayisyen yo pa sispann fè pou rann kilti ayisyèn lan toujou rete vivan pandan 9 dènye ane sa yo malgre anpil difikilte se avèk anpil kontantman Fatima ALTIERI resevwa pri nouvèl anbasadris konpayi NISSAN nan peyi dayiti jodi vandredi 25 janvye 2019 la nan men ekip konpayi NISSAN
Ki gen nan tèt li Antreprenè Doktè Reginald BOULOS.

Rekonpans sa ki reprezante konba atis yo ap mennen pou bay kilti ayisyèn lan plis jarèt malgre anpil difikilte y’ap rankontre pou gwo travay sa sitou lejislasyon peyi dayiti pa janm pale sou mizik ayisyèn lan ki prèske gen syèk depi y’ap pratike’l.

Aprè gwo rekonpans sa ekip konpayi NISSAN ki nan kwè nan potansyalite jèn atis la ,ap kontinye akonpanye chantez la nan diferan pwojè li yo nan lide pou pèmèt kilti ayisyèn lan kontinye vann pozitivman toupatou nan mond lan.

 

josephjemsley814@gmail.com

kredi foto: Juno7

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …