AYITI/ARESTASYON : KAT (4) ENDIVIDI JWENN ARESTASYON NAN KOMIN JEAN-RABEL

Nan kad yon operasyon Inite espasyalize Polis Nasyonal Dayiti (PNH) mennen nan depatman Nò, latibonit , Nòdwès yo rive mete men sou kat (4) prezime bandi prensipalman nan komin (Jean Rabel) ki nan depatman Nòdwès

paulette Marcé , Henry Claude, Emmanuel Nelson, ak Janvier James se non 4 prezime bandi sa yo ki ta’p simen latwoublay nan depatman Nòdwès la , kote yo akize kòm nèg ki gen kò gang ,ki konn kidnape moun , epi asasine moun tou.

Selon komisè divizyonè Monès Auguste
Endividi move kè sa yo ki deja anba men lapolis , yo konn abitye asasine moun menm lè pwòch viktim yo , konn mete lajan disponib pou ta libere pwòch yo.

 

Moinius sonly

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …