AYITI-PWOTESTASYON « GJRA »DENONSE NAN YON KONFERANS DE PRÈS PWOBLEM ENSTITISYON TRANSPÒ ESKOLÈ A.

Se nan lokal antrepriz Transpò Bis Diyite kote « GJRA »prezante nan mikwo laprès ayè mekredi 30 janvye 2019 la, pou eksplike tout kalte pwoblèm enstisitsyon sila ap konfwonte depi yon bon bout tan.

Jhony Joseph, kòdonatè Gwoup jèn kap reflechi pou yon lòt ayiti eksplike tout kalte pwoblem bwat la ap konfwonte.

<<Se depi an 2012 pou bout jouk nan lane 2017 ke enstisitsyon sila ap moute yon maswife>>.daprè Jhony

Jhony tap pwofite denonse kèk gwoup manm ki prezante tèt yo kom sendika ki ta sanble pwofite kraze bis, sezi kle elatriye e menm arive mete dife nan garaj enstitisyon an.
Kodonatè a pat kenbe dlo nan bouch li poul te fè kwè zak sa yo arive mete pye nan optik pou te boykote pouvwa an plas la.

Jhony Joseph, pat kache men voye wòch poul te fè konnen se depi lè direktè Madenav pwan desizyon pou konbat koripsyon e peye tout anplwaye pa chèk ki lakoz briganday sa yo rive fèt pa yon gwoup sendika, nan yon tan ki te konn ap gagote lajan enstitisyon an.
<<pwoblem yo pa lwen fini, e yap jwenn solisyon avek direktè Mandenav>> daprè sa Kodonatè a fè konnen .
kòdonatè a mande ak minis finans lan poul voye lajan pewòl la sou kont bankè enstitisyon tanspò eskolè a pou pewòl la kapab fèt janl dwe fèt.

 

@valfednickson@gmail.com

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …