AYITI /TEKNOLOJI: <> DEKLARE STÉPHANE LACROIX.

Prezidan ayisyen medya anliy yo Stéphane Lacroix ki t’ap entèveni nan Mikro Radyo Karayib maten Jedi 31 janvye a sou fason ayisyen ap itilize rezo sosyal yo fè konnnen
<<Ayisyen pot ko prè pou itilize rezo sosyal>>.

Depi kèk tan movèz itilizasyon rezo sosyal pa sispann detwi moun ak sal imaj moun nan peyi dayiti , Jounalis radyo Métropole la ki t’ap reyaji sou move pratik sa maten jedi a, avèk yon ton tris dil pa ka konprann pou yon moun annik resevwa yon foto ou byen yon video menm moman an pou l’ap plede pataje’l tout kote. Selon li se yon atitid kipa responsab.

Stéphane
kritike atitid anpil ayisyen ki san fwa ni lwa pa janm sispann pibliye « FAKE NEWS » , yon pratik ki gen gwo enpak sou timoun ak fanmi yo.

Pilwen,
Youn nan responsab tcheck yo mande ak tout sitwayen, tout paran pou pran responsabilite yo pou evite moun kontinye viktim , Li ankouraje tout itilizatè rezo sosyal yo pou pa pataje okenn enfomasyon san yo pa verifye.

Pa twò lontan ,madanm chantè , mizisyen gwoup Djakout #1 lan Shabba tren eskanmòtè San fwa ni lwa yo k’ap mal itilize rezosyal yo pase sou li.

Dènye ayisyen ki viktim akoz movèz itilizasyon rezo sosyal yo, se minis defans peyi dayiti a Enol Joseph…

Movèz itilizasyon rezo sosyal nan peyi Dayiti yon fenomèn ki pa janm sispann sal imaj moun , byen souvan sa konn menm kite nechèl Nasyonal la pou travèse sou bò entènasyonal la.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …