AKTYALITE LÒT BÒ DLO: YON GWO DIFE EKLATE NAN VIL PARI.

Dis moun mouri brile nan lannwit lendi 4 ak madi 5 fevriye 2019 lan. Dapwè bilan pwokirè vil pari an men se yon bilan ki pwovizwa. Yo konte tou anviwon 30 blese pami yo kèk ponpye. Koz dife sa a poko konnen men gen yon moun ke lapolis arete pou ankèt. Ta sanble se zak kriminèl.

Gwo dife sa pete nan yon kay ki nan 16è awondismam kapital peyi an vè 1h nan maten konsa.( nan lè pari) Lè ponpye vin rive nan espas lan yo fè konnen se yon sèn trajik. << Nou gentan sove plizyè moun nan sa ki te anlè kay lan>> deklare kapitèn Cognon pòt pawòl ponpye yo nan AFP.

Te gen plis pase 200 pompye ki te mobilize nan lide pou konbat dife sa a epi bay premye swen ak moun ki blese yo.

Di fè a te rive etèn a 6h nan madi maten . Gen yon moun ki ret nan kay ki brile a ki jwenn arestasyon l dapwè pwokirè pari an Rémy Heitz. Gen yon ankèt ki louvri nan lojik pou jwenn otè zak kriminèl sa a.

Peterson Louis.

Kredi foto: 20 minutes

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …