AYITI/PWOTESTASYON: SITWAYEN NAN VIL AKEN KONTINYE PWOTESTE KONT LAVI CHÈ KI PA SISPANN TAYE BANDA NAN PEYI DAYITI.

Pou pwoteste kont grangou ak lavi chè, plizyè sitwayen nan vil aken mete kanpe, ayè lendi a, nan plizyè pwen sou wout nasyonal numewo 2 a kèk pankat pou eksprime fristrasyon yo fas ak jan sitiyasyon an ye nan peyi a.

Aba lavi chè, aba grangou se kèk nan fraz nou kapab li sou kèk pankat Echojounal te remake sou tout wout la.

Sitwayen sa yo ki anonse pa twò lontan mouvman ap chanje fòm pwofite mande ak tout otorite nan peyi , pran responsablite yo jan sa dwe ye ,yon fason pou diminye grangou nan peyi a.

Gédéon DELVA, Aken

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …