AYITI KRIZ: GOUVÈNMAN AN CHWAZI PRAN PLIZYÈ MEZI POU REZOUD KRIZ EKONOMIK KAP RAVAJE PEYI A.

Ayè Madi 05 fevriye a nan lakou Palè Nasyonal , nan yon reyinyon ki pote non <konsèy Minis yo> Gouvènman MOÏSE /CÉANT an rive prezante Bay la près 11 pwen ki vize diminye nan privilèj Moun K’ap travay nan leta te genyen kòm privilèj .

Selon premye minis lan Jean Henry Céant onz (11) pwen sa yo repati konsa:

1) okenn moun pa’p gen dwa lwe machin tout tan premye Minis lan pa bay otirizasyon

2) okenn Minis ,sekretè deta , direktè jeneral pa’p ka vwayaje si yo pa gen otirizasyon Premye Minis lan e si tout fwa yo jwenn otirizasyon premye Minis lan delegasyon an pa dwe gen plis moun pase 5 moun.

3) entèdiksyon pou machin ki gen plak leta (SE ak OF) sikile jou ferye ak jou konje ,( jou ki gen travay yo y’ap kapab sikile ,men depi li 7 tè nan aswè tout otirizasyon ap koupe).

4) entèdiksyon pou pa achte nouvo machin jiska 30 septanm 2019

5) PER DIEM yo ap rekonsidere pa rapò ak sitiyasyon Ekonomik Peyi a.

6) Leta pral veye si pa’p gen gaspiyaj ki fèt nan achte byen ak lòt sèvis pou leta.

7) Redwi pou amonize salè direktè Jeneral yo ,ki touche pi plis kòb pase lòt direktè jeneral ,yon fason pou tout moun ka touche menm jan.

8) Tout moun ki te gen yon kantite Gaz yo te konn resevwa leta Ayisyen ap etire 30 pousan sou privilèj si la.

9) Moun ki te konn jwenn Kat pou rechaje telefòn yo pa’p kapab gen kat sa yo ankò.

10) Pèsòn pap ka bay sibvansyon sòf premye Minis lan oswa lòt antite leta mete la pou sa, tankou (C.A.S).

11) se yon obligasyon pou tout Minis , Sekretè deta fè deklarasyon patrimwàn yo epi fanalize deklarasyon definitiv enpo yo.

kesyon k’ap poze,

Èske tout bon vre ,tout mezi sa yo ap respekte fwa sa ??? , lè nou sonje se pa premye fwa pèp Ayisyen ap Tande jan de pawòl sa yo.

Antouka selon ,
Minis Kilti ak Kominikasyon Jean Michel Lapin, rezon ki fè mezi sa yo pa’t janm respekte tout bon vre se paske te gen feblès administrativ ak feblès enstitisyonèl.

Yon lòt bò Jean Michel Lapin,
konfime pou peyi a , tout onz (11) mezi sa yo pral respekte paske gouvènman an pral ranfòse kontab kontwòl ak kontab piblik ki nan Ministè Finans.

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …