SELIL MOBIL PITIT DESSALINES KI TWOUVE YO NAN OPOZISYON AN KONTINYE MANDE DEPA PREZIDAN REPIBLIK LA JOVENEL MOÏSE .

Jodi mèkredi 06 fevriye 2019 la SELIL MOBIL PITIT DESSALINES Bay yon konferans pou laprès nan lokal Bar de l’ère, nan lide pou denonse ak mande prezidan Repiblik la Jovenel Moïse kote ansanm pwomès li te fè pèp Ayisyen pandan pakou li nan divès depatman nan peyi a nan moman kanpay li, epi aprè li te fin prete sèman kòm chèf leta Peyi Dayiti.

Kote Solèy la? ,kote Dlo a?, kote tè a ? ,kote moun yo ? ak kouran 24/24 la ? se ansanm Kesyon M.Saint Phard Ervé Ki se pòt pawòl SELIL MOBIL PITIT DESSALINES Pa’t manke poze ak prezidan Repiblik la kote
Demen Jedi k’ap 7 fevriye 2019 ap fè’l 2 lane depi’l te pran tèt peyi a.

Toujou nan menm kad konferans
pou la près sa ,
SELIL si la ki twouve yo nan opozisyon ak Gouvènman MOÏSE/CÉANT an pa’t rate okazyon pou salye rapò Kou Dè Kont te prezante bay Palman an selon M.Saint Phard se PHTK ki parèt plis sispèk selon chif ki nan rapò a, pi lwen Pòt pawòl SELIL MOBIL PITIT DESSALINES lan fè konnen y’ap tann 2èm rapò Lakou Siperyè dè kont pwomèt k’ap sòti Avril 2019 la.

Pou fini SELIL MOBIL PITIT DESSALINES mande ak tout ayisyen ki nan 4 kwen nan peyi a pa rete okazyon demen jedi k’ap 7 fevriye 2019 pou al manifeste kont lavi chè epi pou kontinye mande depa prezidan peyi a ki selon yo pa an mezi pou reponn ak bezwen popilasyon an.

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …