AYITI PRIZON: EFEKTIF LAPOLIS LA KI PA REPONN LAKOZ 80 PRIZONYE SOVE NAN PRIZON SIVIL KOMIN AKE

Pandan peryòd revandikasyon pèp ayisyen sou tout tèritwa nasyonal la pou chavire gouvènman MOÏSE/CÉANT depi 7 fevriye 2019 la pou rive jodi madi 12 fevriye 2019 la lakoz enstitisyon lapolis la kise enstitisyon ki la pou garanti sekirite pèp ayisyen pa gen ase efektif lakoz 80 prizyonye sove nan prizon sivil Aken an .

Prizonye sa yo rive sove apre yo te sot nan selil yo pou benyen jan sa konn abitye fèt pat dakò pran lòd pou tounen nan selil yo nan men polisye k’ap travay nan prizon sivil aken an.

Malgre popilasyon an k’ap revandike dwa yo t’ap manifeste devan prizon sivil Aken an, popilasyon vil Aken avèk lòt vil ki pa twò lwen Aken mande otorite konsène yo pran dispozisyon prese prese pou retwouve prizonye ki evade yo.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …