AYITI/KANAVAL: MERI PÒTOPRENS ANILE TOUT AKTIVITE KANAVAL KI TA PRAL FÈT SOU TÈM .

Nan yon kominike ki pote dat 20 fevriye 2019 la ,Administrasyon kominal pòtoprens anonse ak Gran piblik la, aktivite dimanch prekanalès ki ta pral fèt 24 fevriye a pap fèt ankò epi anile tout aktivite kanaval twa (3) jou gra yo ki te pwograme pou 3 , 4 ak 5 Mas 2019 ki ta pral vini la.

Selon Sa ki ekri nan kominike si la desizyon sa ki vize anile aktivite kanaval yo ki ta pral fèt sou Channmas la vini aprè tout moman kriz peyi sot konnen yo kote anyen pat fonksyone nan pòtoprens ak nan plizyè lòt Vil pwovens.

Aprè desizyon sa ki sòti sou Bò Administrasyon kominal pòtoprens lan jodi mèkredi 2019 la , Èske se pral menm kout klòch la pou kanaval Nasyonal ki ta pral fèt nan Vil Gonayiv la anba tèm <ANN CHITA PALE> ???

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …