Supporters of Venezuelan opposition leader and self declared acting president Juan Guaido attend to a rally of volunteers of the movement "Coalision Help and Freedom Venezuela" in Caracas, Venezuela on February 16, 2019. Venezuelan opposition leader Juan Guaido on Saturday called for nationwide protests next week to support volunteers planning to travel to the border with Colombia to bring in US humanitarian aid.

VENEZWELA KRIZ: VWAYAJ PREZIDAN CHILYEN AN NAN CÚCUTA POU GADE JAN ÈD IMANITÈ YO AP ANTRE.

Sou kontinan ameriken an, tout je fikse sou fwontyè venezwela e kolonbi. Se la kap jwe yon gwo dyèl ant prezidan venezwelyen an Nicolas Maduro e prezidan ki pwoklame tèt li prezidan an Juan Guaido. Opozisyon venezwelyèn nan deside pou fè antre nan peyi an plizyè camyon èd imanitè samdi 23 fevriye sa a, sou fwontyè avèk kolonbi. Yon èd imanitè kap sòti an majorite nan peyi lèzetazini epi chili.

Prezidan chilyen an, Sébastien pinera ap fè deplasman nan menm moman avèk 17 ton èd imanitè kap sòti Santiago pou venezwelyen yo. Yon avyon lame chilyèn ap pote medikaman, manje epi kèk pwodyi ijèn pou yon montan anviwon 150 000 dola meriken. L’ap ateri an kolonbi, touprè vil ki sou fwontyè Cúcuta sou pwensipal pon ki relye konlonbi ak venezwela.

Se nan vil sa a ke prezidan dwat lan Sébastien Pinera ap chita pale ak prezidan kolonbyen an, Ivan Duque epi prezidan Paragweyen an Mario Abdo.

De konsè pou de kan opoze.

Twa prezidan dwat sa yo, se yo menm sou kontinan an ki bay plis sipò ak prezidan ki pwoklame tèt li an Juan Guaido. Alòske gouvènman goch yo plis rete net ou byen sipòte Maduro.

Pinera, Duque e Abdo ap asiste vandredi 22 fevriye a pou yon gran konsè kap òganize sou fwontyè a, nan lide pou jwenn kolekte lajan pou voye èd imanitè toujou pou venezwela.

Nicolas Maduro te ke gen tan di li pap kite antre nan peyi an okenn èd etranje e akize lèzetazini k ap profite pou fè yon entèvansyon militè. Yon lot kote gouvènman an ap òganize yon konsè tou vandredi nan lannwit sou lot bò fwontyè a, kote li vin ak pwop manje yo.

Vwayaj Pinera nan Cúcuta divize chilyen yo.
Sa k kritike Pinera plis pou Vwayaj sa a, se reprezantan opozisyon chilyèn yo. Pati goch lan ki te deja divize sou sitiyasyon politik venezwela a vin ini yo kont Pinera. Yo akize l pou li pwofite Vwayaj sa a pou amelyore imaj chilyen yo, men tou kontinye ap sib politik prezidan meriken an Donald Trump kap kontinye agrave tansyon yo, olye jwenn yon solisyon nan kriz venezwela a.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …