AYITI/POLITIK : CHARLES SOUFFRARD PA FÈ PATI MOUN PREZIDAN REPIBLIK LA BAY MANDA POU FASILITE DYALÒG ANT AYISYEN AK AYISYEN YO ANKÒ.

Charles Souffrard youn nan sitwayen prezidan Repiblik la Jovenel Moïse chwazi kòm moun ki ta pral travay pou fasilite Dyalòd ant Ayisyen ak Ayisyen yo, rive demisyone ayè dimanch 24 fevriye 2019 la yon jou avan seremoni ofisyèl pou prezantasyon komite a nan lakou Palè Nasyonal.

Daprè Charles Souffrard vrè rezon ki pouse’l retire kò’l nan komite si la , se aprè yon kominike biwo prezidans lan pibliye ki ta fè kwè nouvo komite sa ta pral gen pou misyon « Fasilite Dyalòg Nasyonal la epi travay pou fòme yon nouvo gouvènman »

Lidè KOZE PÈP la,
ale pi lwen pou fè konnen komite a pa’t janm antann yo sou keksyon « Fòme nouvo gouvènman an ».

Komite prezidansyèl pou fasilite dyalòg nan mitan ayisyen yo te pibliye jedi 21 fevriye 2019 la ladan’l nou te jwenn sèt (7) manm : Marie-Carmel Mentor, Carlo Joseph, Kettely Julien, Dorothie Sénatus , Rudolf Dérose, Marie Michèle Sylvie Rameau , epi Charles Souffrard ki deja remèt demisyon’l.

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …