AYITI SOLIDARITE: MANM FONDATÈ SENDIKA ONA, MONADRA RELE ANMWEY POU SENATÈ YOURY AN MENM TAN POTE SIPÒ YO AK DG CHESNEL PIERRE.

Gwo machwè gonfle kont senatè Youry Latortue ki mande pou tout manm AAA demisyone nan gouvènman Moise/Ceant spesyalman direktè ONA Chesnel Pierre, yon desizyon ki leve plim sou do plizyè moun nan tout kouch nan sosyete a.

Manm fondatè Sendika ONA a pa pran tan pou reyaji e pote sipò yo bay Mèt Chesnel Pierre, nan nòt sila manm fondatè sendika ONA yo voye jete byen lwen desizyon sa e mande pou DG pa fè yon pa kita yon pa nago pou li kontinye fè travay li epi ede gouvènman an rive sou popilasyon an. MONADRA ki se mouvman nasyonal pou yon dezyèm repiblik bò kote pa yo denonse lèt sila e fè konnen si Chesnel Pierre ta demisyone lap bay rezon ak tout sa ki tap di de li kòm moun ki tap sakaje bwat la pou senatè a, nan ka sa MONADRA mande DG a pou kontinye bay sèvis ak popilasyon an.

Kèk anplwaye nan bwat la fè konnen se paske DG pa antre nan lojik kraze brize ke senatè a tanmen nan peyi a depi kèk jou e li wè DG bò kote pal olye de kraze se konstwi lap konstwi epi kreye mwayen pou ede gouvènman an, anplwaye sa yo fè konnen yap sipòte DG a nèt al kole.

Hubert.emmanuel@ymail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …