AYITI PRIYÈ: TOUT MOUN ENVITE NAN TWA JOU PRIYÈ SOU CHANM MAS 3,4, 5 MAS 2019.

Apre otorite yo fin pran desizyon pou anile kanaval nasyonal la ki te dwe fèt nan dat 3,4,5 mars 2019 la, FONDATION MATANA GIFT OF GOD pwofite espas vid sila pou envite tout popilasyon an nan twa (3) jou priyè sou chanm mas.

Twa (3) jou priyè sila ki batize LATÈ GEN MÈT ap fèt nan objektif pou priye louwe epi adore Bondye, aktivite priyè sa ap kòmanse a 9vè-10zè epi pou fini a 3zè devan kyòs la sou chanm mas. Tout moun kèlkanswa fwa relijye ou wap kapab patisipe.

Responsab FONDATION MATANA GIFT OF GOD yo ouvri pòt ak tout moun nan aktivite sila ki konn fè manje e ki se yon atis nan mond kretyen antra an kontak avèk yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …