AYITI KANAVAL: SWEET MICKY PATISIPE NAN PAKOU KANAVAL OKAY LA.

Jan sa te anonse a Sweet Micky ki gen nan tèt li ansyen prezidan repiblik la Joseph Michel Martelly patisipe nan premye jounen kanaval vil Okay la ayè dimanch 3 mas 2019 la malgre anpil gwo bouch louvri ki te gen nan mitan kèk otorite nan vil la pou te anpeche sa fèt.

Ansyen prezidan repiblik la ki genyon stil pwòp ak li nan zafè kanaval nan peyi Dayiti pat neglije fawouche sou tout pakou a senatè Jean Mari Salomon ki te bay defi pou Sweet Micky patisipe nan pakou a, Joseph Michel Martelly ki tap kreye anpil animasyon te jwenn sipò anpil fanatik ak tizè kanaval sou tout wout la men sa pat anpeche kèk moun te kache nan kèk kwen pou te voye wòch sou cha sou Sweet Micky sa ki ta pral lakoz yon replik sekirite prezidan an ki te tire anlè e kèk fanatik tèt kale yo te reponn tou te voye wòch nan direksyon kote yo tap soti a sa ki ta pral lakoz kèk moun blese men ansyen prezidan ki pat twò enkyè te kontinye pakou a nòlman.

Kesyon tout moun ap poze èske prezidan an soti aswè pou dezyèm jou gra a apre sa ki fin pase a yèswa a malgre li te rive atenn objektif ki te fè pakou a.

Hubert.emmanuel@ymail.com

Kredi foto: Ticket Margasine.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …