FRANS JISTIS: LAJISTIS KONDANE KADINAL BARBARIN POU SIS (6) MWA PRIZON.

Tribinal koreksyonel Lyon, nan peyi lafrans, kondane kadinal Philippe Barbarin, jounen ki te jedi 7 mas 2019 lan pou yon pèn 6 mwa prizon paske l pat denonse agresyon yon prèt nan dyosèz li te fè sou plizyè timoun. Kèk tan aprè desizyon jij lan kadinal Philippe di li pwal remèt demisyon l ak pap lan.

Lajistis Fransèz rekonèt ke kadinal lan koupab paske l pat janm denonse agresyon pedofil ke yon prèt te konn fè sou plizyè ti moun nan dyosèz kote l t ap dirije. Kondanasyon evalye ak 6 mwa prizon avèk sousi. San prezans kadinal la, prezidant tribinal koreksyonèl Lyon an, Brigitte Verney deklare ke kadinal lan koupab pou silans li te fè sou dosye a. Li pat denonse move trètman timoun yo t ap sibi ant 2014 pou rive 2015.

Avoka kadinal lan di yo pwal fè apèl sou kondanasyon an << Motivasyon tribinal la pa konvenk mw. Nou pwal konteste desizyon sa a atravè tout vwa legal yo>> deklare Jean Felix Luciani, li fè konnen tou ke l te difisil pou tribinal la te reziste devan bann presyon li t ap resevwa tankou dokimantè ak fim ki fèt sou dosye a. Sa poze anpil kesyon sou respè jistis lan.

Kèk tan aprè vèdik lan, kadinal Barbarin fè konnen ke l pwal remèt demisyon l. << Mwen chwazi al wè sen pyè, pou m remèt demisyon m . l ap resevwa m nan kelke jou>> deklarasyon l nan mikro laprès. Pou senk (5) lot akize yo, tribinal lan poko di anyen sou dosye yo.

Peterson Louis.

Kredi foto: France24

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …