BREZIL KORIPSYON: ANSYEN PREZIDAN MICHEL TEMER ANBA KÒD POU KORIPSYON.

Ansyen prezidan Brésil lan, Michel Temer jwenn arestasyon l jounen jedi 21 mas lan, nan Sao Paulo. Aprè Lula, sa fè dezyèm ansyen prezidan ki pran kòd nan dosye kòripsyon. Michel Temer gen pou piti twa (3) mwa depi l kite pouvwa a.

Pou pi piti twa mwa depi l pa prezidan, Michel Temer te envite pou rann kont ak lajistis. Ansyen prezidan an arete jedi 21 mas lan, pa lapolis federal Sao Paulo, lakay li epi kondwi Rio pou yon entèwogatwa nan kad yon ankèt sou kòripsyon. Michel Temer te deja akize de fwa pa pakè a nan moman l te prezidan men l te jwi yon iminite pasyèl sa ki te lakoz li evite pwosè a.

Ak 78 lane, granmou nan kesyon politik brezilyèn nan, trouve l nan men lajistis. Nan yon gwo ankèt k ap mennen sou kòripsyon ki rele Lava Jato, akize Paske l nan tèt yon òganizasyon kriminèl depi 40 lane. Sa fè dezyèm ansyen prezidan Brésil ki tonbe anba ankèt Lava Jato a. N ap raple ke Luiz Inacio Lula Da silva kondane pou yon pèn 12 lane prizon pou kòripsyon.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …