AYITI PLAS: KONSTRIKSYON PLAS KOMIN AKEN AN LANSE.

Lansman travay konstrikyon plas piblik Aken an fèt jounen vandredi 22 Mas 2019 la pa minis Touris la, Madanm Christine Stephenson. Pwojè sa ap koute leta ayisyen 2 milyon dola ameriken e li ap reyalize sou yon peryòd 12 mwa.

Seremoni sila òganize an prezans otorite lokal yo tankou majistra an aprè yo madanm Josette Mompérousse ak Augustin Clemanceau., depite komin Aken an Jean Robert Bossé, vis delege awondisman an Sanon Louis Jean ak plizyè manm nan sosyete sivil la.

Madanm Christine Stephenson ki rankontre ak laprès aprè seremoni an fè konnen li rejwi pou gwo travay sa ki rantre nan kad pwojè gouvènman genyen pou devlope plizyè vil nan depatman Sid la nan domèn touristik. Kite nou presize, se bank entèramerikèn ki finanse pwojè sila ak CESA ki se fim ki ap egzekite travay konstriksyon yo.

Bò kote youn nan majistra an aprè komin Aken Josette Mompérousse ki te pran lapawòl nan non meri an egzòte tout moun k ap genyen pou fè yon bagay kèlkonk nan kad konstriksyon plas sa pou fè sa nòmalman yon fason pou dènye wòch konstriksyon an kapab poze. Madanm Josette pwomèt ak tout sitwayen komin nan meri a ap akonpaye fim nan, voye je sou travay k ap fèt yo yon fason pou pwojè sa vin yon reyalite.

Pi lwen, inisyatè konstriksyon plas piblik la madanm Magalie Commeau Denis ki se prezidan Fondasyon Aken Solidarite (FAS) bat bravo lakontantman pou gwo pa sa li di ki fèt nan kad pwojè sa. Ansyèn minis kilti peyi Dayiti a ki t ap fè istorik pwojè a fè konnen lansman pwojè konstriksyon plas piblik Aken an se fwi yon long batay ke yo mennen depi 2008 sou prezidans Preval.

 » FAS goumen anpil pou nou rive la jounen jodi a « , se pawòl madanm Magalie. Li rapousuiv pou li ankouraje Akinwa ak Akinwaz yo rete vijilan pandan tout egzekisyon travay yo. Madanm Denis mande tout moun Aken pou kenbe plas piblik la pwòp aprè li fin inogire.

Kite nou raple, plas piblik Aken an te kòmanse konstwi nan lanne 2001 e li ta pral kanpe san l pat fini an 2004. Kote lajan sa a ? Èske sa ta vle di nouvo plas sa ki pral fèt la popilasyon an tou pèdi kòb ki te dwe acheve l la ? Kisa ki di sou lajan premye konstriksyon an ? Se kèk kesyon jiskaprezan ki poko gen repons.

*Gédéon DELVA, Aken*

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …