ENFO STA: ATIS JOUMA, KI MOUN LI YE, KOTEL SOTI…?

Dok jouma wè jou 3 novanm 1991 bon non li se Jean baptiste Jephté, li fet nan sité soley, pandan Dok jouma tou piti li kite site soley ak manman li ki se louicina Jean, papa li Jean Romel Jean baptiste yo al viv potay sen Joseph.

Kilè Jouma komanse nan mizik?

Jouma komanse nan mizik depi tou piti a KOZ de papa li Jean romel Jean baptiste ki te konn jwe akodeyon, li vin evolye nan ane 2008 sou non Jouma rapking, Jouma fè pase fistrasyon li kom ti jèn delma 2 nan mizik jis aprè lanmò katafal dad dejavou, se lè sa li rele tèt li Dok jouma ki se doktora nan mizik, Dok jouma pa marye ni gen pitit, gen kat (4) lane  pasé li te nan kay ak nucci kote yo te soti mizik sa ki rele « back to school li ye. »

Jouma te entelijan lekol li menm ak ansyen ti zanmi li yo Joane chéri, Duval luckson se konsa yo te dezod tou, Jouma ekri TEXT li yo pou kol e konsa tou li ekri pou anpil lot gwo atis, Dok jouma pa al legliz e li pase plizyè relijyon, Jouma poko gen album men sou non jouma rapking li tap travay sou yon album ki pote non  » Toussaint Louverture » ki fini men ki poko soti.

Aktyelman Atis la lap travay sou album li ki se « le magicien » avek kolaboratè li BIC ,Queen B, LòLò Black Fefe ak anpil lot atis, Dok jouma pwomet fans li yo album sa ap soti nan fen ane a, Dok jouma vle fè konnen li pa on moun ak siksè men li se yon moun ki reyisi menmsi li pa gen anpil moun ki konnen l, li gen 11 ans nan mizik Kelkeswa saw gen pou w fè komanse fel kote ou wè a ak saw genyen an, siw paka genyen saw renmen se renmen saw genyen, pour moi être patient c’est agir en attendant de Youssoufa! Konsey Dok Jouma bay tou jèn ki vle pwogrese

Saint Louis Jennifer Marie Francia.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

QUAVO BRISE LE SILENCE APRÈS LA MORT AU DÉCOLLAGE : “JE NE TE QUITTERAI JAMAIS”

Pour la première fois depuis la mort du rappeur Takeoff, Quavo s’est adressé publiquement à …