AYITI POLITIK: JEAN MICHEL LAPIN FÈ PATI DE LIS TWA MOUN KI TA DWE VIN PREMYE MINIS PEYI A.

Nan yon rankont ayè samdi 6 avril 2019 la nan palè nasyonal ant prezidan repiblik la Jovenel MOÏSE, Garry BODEAU prezidan chanm depite a, Carl Murat CANTAVE prezidan sena a gen 3 non ki chwazi ladan yo prezidan repiblik la ap gen pou fè chwa premye minis la.

Jean Gabriel FORTUNÉ majistra demisyone vil Okay, Marjorie BRINACHE pitit ansyen prezidan Alexandre BONIFACE, Jean Michel Lapin ki se premye minis ai nan moman an la, se youn nan twa (3) moun sa yo ki ta dwe vin premye minis peyi a nan yon tan ki pa twò long.

Depite Delmas a Garry Bodeau ta pral konfime non sa yo nan yon twit li fè yèswa apre rankont la.

Josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …