Minis sekirite enteryè peyi Etazini an Kristjen NIELSEN kit’ap sipòte desizyon trè sevè administrsyon prezidan Donald JUMP ap pran kont migran yo ak kontwòl pou fè separasyon timoun ak paran yo remèt demisyonl ayè dimanch 7 avril 2019 la san bay twòp detay.
Nan yon tweet Donald JUMP prezidan ameriken an fè konnen Kevin MAC ALEEMAN chèf sèvis dwàn yo ak pwoteksyon sou fwontyè yo ap asire pòs la pwovizwaman
Daprè sa CNN yon chèn televizyon peyi Etazini fè konnen minis sekirite enteryè peyi Etazini an pat kapab kontinye reziste ak tout egzijans prezidan premye pwisans mond lan t’ap ba li pou egzekite.
josephjemsley814@gmail.com