Chanpyona nasyonal premye divizyon/ Dizyèm jounen : Real Hope FA konsève tèt klasman an.

Dizyèm jounen chanpyona nasyonal premye divizyon an deroule jounen samdi 13 ak 14 avril 2019 lan. Violette louvri jounen sa a depi nan samdi kote ekip ble e blan an anrejistre 8è match Nil li nan chanpyona a kont ekip Racing FC (1-1), poutan Don bosco fè yon gwo operasyon andeplasma kay ekip mibalè a (1-2), viktwa sa pèmèt ekip Don bosco a okipe twazyèm plas lan, alòske ekip mibalè a kontinye sou movès seri l ap konnen nan chanpyona a. Yon lot kote ekip Real Hope FA konsève tèt klasman an aprè siksè l (1-0) sou tèren ekip Cosmopolites lan, alòske cosmopolites toujou poko janm ka jwenn gou viktwa nan chanpyona a aprè 9 jounen konpetisyon. Poutan ASC toujou okipe dezyèm plas lan aprè l korije ekip Lewogan nan k ap konnen yon moman difisil (3-2), n ap fè remake chanpyona ap domine pa de ekip okap.

Men rezilta yo :

Samdi
Violette (1-1) Racing FC
Dimach
ASM (1-2) Don bosco
Triomphe (1-2) Fica
Ouanaminthe (0-0) Tempête
Arcahaie (1-0) Racing CH
ASC ( 3- 1) Cavaly
Cosmopolites(0-1) Real Hope FA
Baltimore (2-0) America.

Men kijan klasman an prezante aprè 9 jounen konpetisyon :

1- Réal Hope 20 pwen (+4)
2- ASC 19 pwen (+12)
3- Don bosco 17 pwen (+8)
4- Arcahaie 17 pwen (+4)
5- Baltimore 14 pwen (+2)
6- Racing FC 12 pwen (+1)
7- Tempête 12 pwen (0)
8- America 12 pwen (0)
9- Violette 11 pwen (+4)
10- Triomphe 10 pwen (-3)
11- Ouanaminthe 9 (-1)
12- Racing CH 9 pwen (-3)
13- Fica 9 pwen (-4)
14- ASM 9 pwen (-6)
15- Cavaly 7 pwen (-9)
16- Cosmopolites 3 pwen (-9).

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …